Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou nan manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Ayisyen nan NY la: 815 2nd Avenue, ant 43yèm ak 44yèm Streets pou n denonse Jovenel Moise-PHTK ak òganizasyon sondaj malatchong BRIDES ki soti pou fè kwè 90% dyaspora a sipòte koze konstitisyon PHTK a; N ap rele Aba konstitisyon malatchong Meriken-PHTK a!; Aba eleksyon pike kole Meriken-PHTK a!
Nou fè ti pale sou chemen k te mennen nan manifestasyon istorik 20 avril 1990 la epi chimen k mennen KOMOKODA devan Konsila Ayiti nan NY la jodi a
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Enfòmasyon ki tonbe pou di gouvènman Meriken an deside bay yon "stimulus" siplemantè pou moun ki rapòte yo fè mwens kòb an 2020 an ke yo te fè an 2019; Se moun ki ranpli deklarasyon enpo yo pi bonè k ap gen chans jwenn kòb diplis sila a
Kidnapè "Lanmò San Jou" chèf gang 400 Mawozo ta pran lapawòl pou l di moun legliz katolik yo nan men li, li pa gen lopital, li pa gen manje pou l pa yo kidonk si mèt yo bezwen yo, se pou yo mache kòrèk sou li; Epi li tou di Lafrans pinga li bliye konbyen kòb li dwe Ayiti
Nou pale ak detwa nan fanmi ki la ansanm ak nou nan manifestasyon KOMOKODA devan konsila a
Create your
podcast in
minutes
It is Free