Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ti koze sou zafè fèt drapo a anpil Ayisyen ap selebre jounen jodi a; Pou di Ayisyen konnen kote koze 18 me se fèt drapo sa a soti?
N ap tann fanmi yo @ 7pm jedi pwochen k ap 20 me nan selebrasyon 216yèm anivèsè Konstitisyon Enperyal 1805 lan nan lokal Flanbwayan nan 206 Parkside Avenue ant Flatbush & Ocean Aves. nan Brooklyn nan
Mobilizasyon nan kad aktivite Koalisyon Leve Kanpe pou Ayiti: KOMOKODA ap manifeste jedi 27 me, 3pm-6pm devan Konsila Kanada nan NY la: 466 Lexington Avenue, ant 45yèm ak 46yèm Streets nan Manhattan
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Atik "Op-Ed" 2 politisyen Democrat nan Miami, depite Frederica Wilson ak County Commissioner Jean Monestime, mande Joe Biden pou l apwente yon reprezantan espesyal pou jere sitiyasyon Ayiti a
-Israel ap pousuiv jenosid li sou pèp Palestinyen an ak tout enpinite
-Popilasyon Wanament bloke wout nasyonal #6 la pou ekzije liberasyon jounalis Widelyn Guillomètre ki travay nan Radio Canari FM
-Kontinye pran prekosyon sou dosye Kovid la
-Joe Biden anonse Etazini pral pataje 80 milyon dòz vaksen ak rès mond lan
-Anbasad Ayiti nan peyi Lafrans estomake apre medya peyi sila a pibliye yon dokimantè ki rele "la loi des gangs" ki demontre koneksyon gouvènman PHTK a ak gang k ap kidnape, fè kadejak, kraze brize nan peyi nou
-Nou jete dlo pou jèn dam si la k te rele Brunia Saint Fort mari li Emmanuel Lindor sasinen l nan fè jalouzi
Nou li tradiksyon Kreyòl premye konstitisyon peyi nou: Konstitisyon Enperyal 1805 la
Liy ouvè ak oditè yo
Create your
podcast in
minutes
It is Free