Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon nan kad aktivite Koalisyon Leve Kanpe pou Ayiti: KOMOKODA ap manifeste jedi 27 me, 3pm-6pm devan Konsila Kanada nan NY la: 466 Lexington Avenue, ant 45yèm ak 46yèm Streets nan Manhattan
Ti koze ak ti sè nou Ayiti sou dènye enfòmasyon nou genyen sou dosye Romy Vilsaint an epi prezans limenm ansanm ak kèk lòt fanmi kenbe devan lekòl P.S. 361 nan Nostrand Ave ak Farragut Rd. pou n goumen pou jistis pou jèn Romy Vilsaint
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 21 me 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Ranmase sou aktivite Eritye Papa Desalin te fè jedi pase pou selebre 216yèm anivèsè Konstitisyon Enperyal 1805 lan
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Yon vòlkan eklate epi fè gwo dega nan vil Goma nan zòn lès peyi Kongo sou kontinan Afriken an
-Nikaragwa fè yon lwa ki pote menm non ak lwa Etazini genyen pou anpeche lajan etranje rantre vin enfliyanse eleksyon lakay yo
-Prezidan Meksik lan AMLO deklare peyi li se yon peyi lib epi souvrèn; Li pa p aksepte ni OEA ni USAID vin foure dwè yo nan eleksyon lakay li
-Dr. Kesler Dalmacy parèt devan tribinal epi l aksepte l koupab dèske l te vann moun ki pa t malad preskripsyon pou dwòg adiktif ant 2014 rive 2020
Ti koze ak sè nou Ninaj Raoul ki responsab òganizasyon Haitian Women for Haitian Refugees sou desizyon Gouvènman Biden nan pou bay yon nouvo TPS pou migran ki soti Ayiti
Ayibobo pou tout fanmi ki te vin kanpe ak KOMOKODA samdi a pou n te bare lawout ak karavàn referanndòm pèpè PHTK a
Liy ouvè ak oditè yo
Create your
podcast in
minutes
It is Free