Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon KOMOKODA pou kominote a manifeste pou pote kole ak pèp Ayisyen an anndan peyi a rive bloke referanndòm bidon 27 jen an epi pou dechouke Jovenel Moise:
-jedi 10 jen, 3pm-6pm devan Misyon Etazini nan Loni devan Nasyonzini
-jedi 24 jen, 3pm-6pm devan Misyon Etazini nan Loni devan Nasyonzini
Si l pa rive anile, manifestasyon dimanch 27 jen tout jounen devan Konsila Ayisyen an, 5am - 9pm
Nou salye sè nou Viergela Pierre k apral fete anivèsè nesans li jedi 3 jen k ap vini an
Nou salye sè nou Darnell Benoit , Direktris Flanbwayan Haitian Literacy Project k apral fete anivèsè nesans li vandredi 4 jen k ap vini an
Nou swete yo Bòn Fèt! Sante, Sante, Sante!
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou frè nou Robby Boisette ak fanmi li nan okazyon travèse manman li Marie "Bernadette" Boisette pandan wikenn ki sot pase a
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl / Enfòmasyon:
-Jounal Miami Herald pibliye yon editoryal kote yo mande Prezidan Meriken an Joe Biden si l wè l fè sans pou l mande menm gouvènman ki responsab ensekirite, kidnapin, kadejak ann Ayiti a ki lakòz li bay yon nouvo TPS pou Ayiti pou l fè eleksyon lib, onèt, demokratik; Nan editoryal la yo rele Jovenel Moise yon "wannabe autocrat" ki ta ka tradui kòm yon "apranti diktatè"; nou panse se yon bon deskripsyon ti restavèk apatrid la
-Ansyen prezidan Jocelerme Privert pibliye yon "op ed" nan Jounal Nouvelliste kote li denonse tantative Jovenel Moise pou chanje konstitisyon peyi a
-Joseph Lambert menase pou kraze brize mete dife nenpòt kote ki ta sèvi pou biwo vòt referanndòm; Moise Jean Charles di detwi materyèl referanndòm yo men pa kraze kay ak byen; Don Kato mande chavire chodyè, dechoukaj san vyolans
-Apre 12 lannen sanble Benjamin Netanyahu ka pèdi pouvwa l nan Israel kòm premye minis; Malgre Israel ta parèt genyen batay 11 jou ki fèk sot fèt la, Palestinyen yo ta sanble genyen lagè a; Ata Etazini twouve l blije fè yon ti kritik tou piti pou l mande Israel bay prèv ke bilding laprès yo kraze ra pye tè a te gen sòlda oswa zam Hamas anndan l
-Samdi pase te genyen manifestasyon nan tout kwen peyi Brazil kont Jair Bolsanaro pou denonse gouvenman gwo ponyèt l ap dirije a epi kantite moun ki mouri ak Kovid nan peyi sila a
-Kovid ta parèt ateri Ayiti; Gouvenman apatrid la ap sèvi ak sa kòm eskiz pou anpeche manifestasyon fèt epi pou yo ta fòse yon seri desizyon nan gagann pèp Ayisyen an
-Pou ki sa tout presyon sa yo pou bay moun vaksen kovid ki panko aprouve? Moderna pa p fini tout tès pou FDA Meriken ta apowouve l anvan Oktòb 2022, epi Pfizer janvye 2023
Liy ouvè ak oditè yo
Create your
podcast in
minutes
It is Free