Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ti koze ak sè nou Mamyrah Dougé Prosper, ki lakay sou jenosid k ap fèt nan katye popilè yo; sou delegasyon OEA ki nan peyi a; sou travay Kowalisyon Leve Kanpe a
(Nou eskize nou paske nou rate anrejistreman yon bon pati nan ti koze nou ak Mamyrah akoz yon ti fikilte teknik)
Mobilizasyon KOMOKODA pou kominote a manifeste pou pote kole ak pèp Ayisyen an anndan peyi a rive bloke referanndòm bidon 27 jen an epi pou dechouke Jovenel Moise:
-jedi 10 jen, 3pm-6pm devan Misyon Etazini nan Loni devan Nasyonzini
Nouvèl:
-Ayè lendi a, Lakou Siprèm Meriken deside moun ki gen TPS ki te rantre Etazini "ilegalman" pa elijib pou yo ta benefisye rezidans pèmanan
-Prezidan Lafrans lan Emmanuel Macron pran yon bèl souflèt pandan l t al pran yon beny foul
-Ansyen Sekretè Jeneral Nasyonzini an Ban Ki Moon ekri yon liv kote l di se kolera a ki gate imaj Nasyonzini ann Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon KOMOKODA pou kominote a manifeste pou pote kole ak pèp Ayisyen an anndan peyi a rive bloke referanndòm bidon 27 jen an epi pou dechouke Jovenel Moise:
-jedi 10 jen, 3pm-6pm devan Misyon Etazini nan Loni devan Nasyonzini
Create your
podcast in
minutes
It is Free