Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 4 jen 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Rapò sou manifestasyon KOMOKODA te fè jedi pase a k te 10 jen 2021
Lapolis lavil NY revele anvan li mouri Romy Vilsaint te di yo lòt timoun nan lekòl li te ba li yon gwo kout pwen nan tèt men malgre sa yo vle fè kwè se yon ilsè ki touye l; Pou ki sa nou kwè kominote a dwe goumen jiskaske Tiffany Frazier ki se direktris lekòl la pèdi djòb li pou neglijans ak enkonpetans
Ti koze ak Lyetnan Edwin Raymond nou ankouraje Ayisyen nan District 40 la ki gen dwa vote pou yo vote pou ranplase Mathieu Eugene
Ti koze ak aktivis Anthony Beckford nou ankouraje Ayisyen nan District 45 la ki gen dwa vote pou yo vote pou ranplase Farah Louis
Nou ankouraje Ayisyen k nan District 46 la ki gen dwa vote pou yo vote pou Mercedes Narcisse pou ranplase Alan Maisel
Trak ap sikile nan lari a kòmkwa Chawony nan Michel Martelly ap vin jwe bal nan yon espas ki rele Bentley's nan Brooklyn nan; Nou mande kominote a rele mèt espas la ki rele Carl nan nimewo 347-584-9978 pou fè l konnen Martelly se yon asasen k responsab gang k ap touye moun ann Ayiti epi se plis pase 2 milya dola Petrocaribe ki fonn nan men l, se yon "persona non grata" li ye nan kominote a
Create your
podcast in
minutes
It is Free