Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou fanmi Evelyn Laroche nan okazyon travèse li; Lantèman an te fèt maten an
Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou frè nou Robby Boisette ak fanmi li nan okazyon travèse manman li Marie "Bernadette" Perez
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Mobilizasyon KOMOKODA pou kominote a manifeste pou pote kole ak pèp Ayisyen an anndan peyi a rive bloke eleksyon pike kole Meriken-UN-Core Group-OEA a epi pou dechouke Jovenel Moise:
Jedi 24 jen, 3pm-6pm devan Misyon Etazini nan Loni devan Nasyonzini
Trak ap sikile pou di dimanch 10 jiyè chawony nan Michel Martelly ap vin fè bal nan yon espas nan Brooklyn nan ki rele Bentley's; N ap mande kominote a rele pwopriyetè biznis sila a ki rele Carl nan 347-584-9978 pou di l anile bal sa a
Nouvèl:
-Jounal Haitian Times pibliye yon atik pou di gen Ayisyen k ap peye yon seri vòlè jiska $5,000 vèt pou regle koze TPS pou yo pandan aplikasyon panko menm deyò; N ap redi kominote a pa kite chalatan fè ladènye sou yo
-Apre 12 lannen Benjamin Netanyahu pèdi pouvwa l kòm premye minis peyi Israel; Naftali Bennett se nouvo premye minis la; li parèt msye ta menm pi rasis, pi asasen pase Netanyahu
-Se posib popilasyon Peru pral blije tann yon bon nout tan pou konnen ki lès konsèy elektoral peyi sila a ap deklare ki genyen 2yèm tou eleksyon pou prezidan an
Ti koze ak Mercedes Narcisse nou ankouraje Ayisyen nan District 46 la ki gen dwa vote pou yo vote pou ranplase Alan Maisel nan NYC Council la
Create your
podcast in
minutes
It is Free