Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon KOMOKODA pou kominote a manifeste pou pote kole ak pèp Ayisyen an anndan peyi a rive bloke eleksyon pike kole Meriken-UN-Core Group-OEA a epi pou dechouke Jovenel Moise:
Jedi 24 jen, 3pm-6pm devan Misyon Etazini nan Loni devan Nasyonzini
Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou frè nou Robby Boisette ak fanmi li; Lantèman manman li Marie "Bernadette" Boisette
Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou fanmi sè nou Myriam Augustin nan okazyon travèse li; Yon "memorial" ap fèt pou Myriam Mekredi 23 jen an a, 5pm-7pm, nan Frederick Funeral Home, 192-15 Northern Blvd. nan Flushing
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 18 jen 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Enfòmasyon tonbe pou di Prezidan Aristide teste pozitiv pou kovid-19; Nou voye fòs pou li epi nou swete l rejwenn sante l prese prese
-Semèn pase a lejislatè Meriken yo vote pou 19 jen vin yon jou ferye pou onore jou sila a nan lannen 1865 moun nwa ki te nan lesklavaj nan Gavelston, Texas vin konnen lesklavaj te bout
-Peyi G7 yo te rasanble nan Angletè pou yo deside jan y ap koupe rache mond la epi ki kantite vaksen kovid yo deside pataje ak rès mond lan
-Demen se jou eleksyon "Primary" Ozetazini; Nou ankouraje fanmi ki nan Brooklyn ki gen dwa vote jete yon bilten pou kandida sila yo:
--Edwin Raymond pou ranplase Mathieu Eugene nan District 40 la
--Anthony Beckford pou ranplase Farah Louis nan District 45 la
--Mercedes Narcisse pou ranplase Alan N. Maisel nan District 46
Liy ouvè ak oditè yo
Create your
podcast in
minutes
It is Free