Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon KOMOKODA pou kominote a manifeste pou pote kole ak pèp Ayisyen an anndan peyi a rive bloke eleksyon pike kole Meriken-UN-Core Group-OEA a epi pou dechouke Jovenel Moise:
Jedi 24 jen, 3pm-6pm devan Misyon Etazini nan Loni devan Nasyonzini
Mwen salye pitit gason mwen Asim Andre ki gradye "High School" jodi a; Anpil kè kontan nan fanmi an; Nou di Roselyn "Mèsi Anpil"; Refleksyon nou sou lekòl Medgar Evers Preparatory High School epi nou ankouraje fanmi ki nan zòn nan konsidere lekòl sila a pou pitit yo
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou fanmi ak zanmi sè nou Myriam Augustin ki fè travèse li; Memorial la ap fèt demen Mèkredi 23 jen an nan Frederick Funeral Home nan Flushing nan Queens lan
Nou pase ti moso nan yon entèvyou Radio Tele Solidarite te fè ak Myriam Augustin 20 janvye 2015
Ti koze ak sè nou Marie Jose Bernard sou zanmi li Myriam Augustin
Nou ankouraje fanmi an kontakte nou pou yo achte yon kopi dènye liv Prince Tiecoura ekri sou 20 me 2021 an
Vèsyon "Delta" kovid-19 la soti pou vire reyalite vaksen an tèt anba; Traka kovid la koumanse bay lakay nou Ayiti; Òganizasyon Mondyal Lasante mande pou okenn peyi pa ta bay timoun piti vaksen kovid
Nesesite pou pèp Ayisyen an anndan kou deyò pa kanpe nan chimen; Nou rive bloke referanndòm ak eleksyon ak lòt mannèv Meriken ak restavèk li yo
Liy ouvè ak oditè yo
Create your
podcast in
minutes
It is Free