Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nou pase deklarasyon 4 out 2020 KOMOKODA te mete deyò sou eleksyon nan peyi nou
Jij Ramoncithe Accime blanchi vòlè PHTK yo nan dosye Petrocaribe a
Sa nou li, sa nou konprann nan rapò OEA mete deyò sou misyon yo te fè ann Ayiti 8 pou rive 10 jen k sot pase a
Nouvèl
Ti koze ann Angle ak mizisyen militan Ahmed Abdulah ansanm ak madanm li Monique Ngozi Nri sou mizik nan lavi yo ak patisipasyon yo nan 50yèm International African Arts Festival k ap fèt nan Brooklyn nan nan wikenn nan
Ti koze ann Angle ak Sister Harriet Hines sou batay pou anpeche lavil NY otorize konstriksyon yon gwo bilding nan kwen Bedford Ave ak Church Ave ki se yon espas kote yo te antere Afriken k te nan esklavaj nan New York la
Se jodi a Biwo Eleksyon Lavil NY la ta dwe mete rezilta premye wonn eliminatwa Rank Choice Voting pou eleksyon k te fèt madi pase yo deyò
Mobilizasyon pou konferans pou laprès KOMOKODA ap fè jedi Premye jiyè devan Bentley's Nightclub pou anpeche asasen, vòlè yo rele Michel Martelly a vin ouvè kò l nan kominote a
Jounal Nouvelliste rapòte li fè yon entèvyou ak Prezidan Aristide etan li nan lopital Kiba kote l fè konnen kondisyon li amelyore anpil epi l ap travay pou l tounen lakay li anvan lontan
Ti prekosyon pou fanmi yo pran ak gwo chalè ki gen nan zòn NY la ak plizyè lòt vil Etazini
Se yon lavalas moun ki vin resevwa ansyen prezidan Kotdivwa Laurent Gbagbo ki retounen lakay li
Liy ouvè ak oditè yo
Create your
podcast in
minutes
It is Free