Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
N ap tann tout fanmi an nan selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman k apral fèt nan Prospect Park apati 1pm samdi 14 out k ap vini an
Jodi a se 9 out, 76 lannen apre jou Meriken te lage bonb atomik sou vil Nagasaki nan Japon, epi 3 jou apre yo te lage sou Hiroshima. Nou jete dlo pou Japonè yo k te viktim mechanste Gouvènman Meriken epi nou di Madichon pou kriminèl asasen yo k ta deside kreye yon kalte zam konsa
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 6 out 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Nou salye memwa konpatriyòt Marc Mathelier, yon gran gitaris nan kominote a ki fè travèse li 7 jiyè k sot pase a
Nouvèl:
-Kanada relouvri fwontyè li jodi a apre yon ane edmi yo te fèmen l akoz kovid la; Etazini kenbe fwontyè pa l fèmen toujou
-Premye Minis Sen Vensan ak Grenadin nan Ralph Gonsalves pran yon kout wòch epi l benyen an san etan l t ap chache travèse yon manifestasyon kont vaksen kovid la ki t ap fèt devan biwo l; Nou voye fòs ak kouraj pou fanmi an
-Minis Afè Etranjè Canada Marc Garneau te fe yon reyinyon Zoom ak kèk "lidè"nan kominote Ayisyen 4 jiyè sou dosye Ayiti a; Fanmi yo fache dèske yo santi minis lan fè yo pale pou granmesi
-Yon lòt ekip menm ekri Premye Minis Canada a Justin Trudeau pou yo mande l tanpri souple sipòte inisyativ gwoup k ap chache yon solisyon Ayisyen ak kriz Ayiti a
-Ansyen minis jistis Tonton Makout Bernard Gousse ki abiye an jiris konstitisyonalis jodi a ak 3 lòt bizawèl li di se yomenm ki gen solisyon pwoblèm peyi a
Ti koze ak sè nou Ninaj Raoul ki se responsab nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen sou nouvo pwogram TPS gouvènman Joe Biden nan bay pou Ayisyen
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Create your
podcast in
minutes
It is Free