Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 21 janvye 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
Nou ankouraje kominote a mete men nan konbit Vandredi Anba Tonnèl ap fè pou n ede fanmi ki te viktim Goudougoudou 14 out 2021 rebati kay yo
Nouvèl:
-Yon Goudougoudou 5.3 frape zòn Nippes 8:16 maten an; Jiskaprezan Pwoteksyon Sivil rapòte 2 moun mouri
-Eksplozyon nan kay kote yo t ap stoke gaz nan Kafou tou pre Tèminal Tò a
-Jij Garry Aurelien pa la ankò nan dosye Jovenel Moise la
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines ki nan peyi Kiba
Nouvèl:
-Diplis sou dosye Jij Garry Aurelien an
-Konferans vityèl Canada pou entènasyonal la kenbe Ayiti nan chenn
-Gazolin ak alimèt san lè kwaze nan dosye Ikrèn nan
-Jij nan Tribinal Wayal Angletè deside Julian Assange gen dwa ale ann apèl nan dosye ekstradisyon an
Liy ouvè ak oditè yo
Nou jete dlo pou Madmwazèl "Nègès Da" ki fè travèse li twò twò bonè nan laj 9 lannen sèlman: Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou sè nou Martine "Thòya" Phebe, tout fanmi ARL (Agrikilti, Rebwazman, Levay) la ak lòt fanmi ti Madmwazèl la
Pwezi Nègès Da
Create your
podcast in
minutes
It is Free