Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Ti koze ak frè nou Dr. Asselin Charles sou nouvèl ane Chinwa a k koumanse jodi a
Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou tout fanmi Lakou Souvnans, fanmi Vodou a nan okazyon travèse Sèvitè Fernand Bien-Aimé ki fè travèse li apre 32 lannen li fè kòm dirijan Lakou sila a
Nou pase yon ti moso tou piti nan yon entèvyou Sèvitè Bien-Aimé te fè an 2015 ak Radio Harmonie nan Gonayiv
Nouvèl:
-Gwo lapli ki mennen gwo inondasyon nan zòn Nò peyi a
-Etazini fè yon reyinyon Konsèy Sekirite LONI yè sou dosye Larisi ak Ikrèn nan pou kalonnen Larisi pandan y ap bat tanbou pou lagè epi y ap voye gwo zam fannfwa bay Ikrèn
-Peyi a nan tout kalite tèt chaje men kanaval ap balanse rèd chèch
-Òganizasyon Ayisyen ak pitit Ayisyen k nan politik Etazini rankontre pandan wikenn nan nan Arizona
-Moun ak zam atake komisarya Bon Repo epi yo tire sou Radio Zenith
-Gouvènman kwoupyon an bay rapò yo sou 3 lannen lajan dola senkant dyaspora a
-Pak Endistriyèl Karakòl la anba dlo
-Koredinò teste pi gwo misil li teste depi ane 2017
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Create your
podcast in
minutes
It is Free