Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines ki nan peyi Kiba
Aba tout kandida - Pwezi Moriso Lewa
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
Gouvènman restavèk la anonse yo anile kanaval nasyonal 2022 a men anpil gwoup ta deja mete mizik kanaval yo deyò
Kanaval Blayi 1 (One): "Parenn pa papa"
Nouvèl:
-Medya nan nèt la Ayibopost pibliye anrejistreman ak imaj Whatsapp kote Grefye Elysée Cadet ap negosye pou l ta jwenn yon machin pou l retire non mèt RJ Rent-a-car la nan dosye sasinay Jovenel la: Nou pase anrejistreman an
-CNN rapòte Jij Garry Orelien ak plizyè lòt sous yo apwoche lonje dwèt sou Ariel Henry kòm yon sispèk ki ta enplike jouk nan kou nan sasinay Jovenel Moise la; Gwo jounal yo ak CNN ap fè gwo bri men n ap mande n pou ki yo pa mande kouman fè blan an te mete Ariel menm lè yo te konnen tout akizasyon sa yo
Ti koze ak frè nou Jafrikayiti sou gwo manifestasyon chofè kamyon Kanadyen nan kapital peyi yo, vil Ottawa, pou yo batay kont ekzijans leta pou fòse tout moun pran vaksen
Liy ouvè ak oditè a
Sipòte Izrayèl yo awoyo dèske Amesty International pibliye yon rapò 280 paj ki di nan se yon kondisyon "apartheid" leta peyi sila a mete Palestinyen yo
Create your
podcast in
minutes
It is Free