Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué sou vant siyati n ap òganize dimanch 20 fevriye a ak liv li ekri: The Black Skin is a Badge of Honor
Nouvèl:
-Lavil NY anonse yo revoke 1,430 travayè lavil la ki pa pran vaksen nan delè yo te bay pou sa
-Larisi deplase plizyè milye sòlda li ki te sou fwontyè yo ak Ikrèn
-Lòbèy pete ant dirijan Akò Montana yo ak ekip Akò Primati a
-Abelson Grosnegre ki se ansyen dirijan SPNH-17 la bay demisyon li nan lapolis la yè lendi a
-Atik ki nan Al-Jazeera sou resous ki mineral ki nan kontinan Afriken an an
-Etazini mande Honduras renmèt li ansyen prezidan peyi a Juan Orlando Hernandez pou yo jije l nan koze trafik dwòg ak koripsyon; Etazini tou ajoute yo gen dwa arete yon moun ki kanpe anfas "demokrasi"
-Premye Minis Kanada a Justin Trudeau deside sèvi ak pouvwa espesyal an ijans peyi a pou l kraze mouvman grèv chofè kamyon yo ki te bloke sikilasyon nan kèk kote nan peyi a
-Chèf lapolis Ottawa a Peter Sloly ki se yon nèg nwa bay demisyon l anba gwo presyon akoz grèv chofè kamyon yo
Nou jete dlo pou konpatriyòt Henri Claude Jean "Tulile" rasis Dominiken te pann nan yon pye bwa nan mwa fevriye 2015 epi nou ankouraje Ayisyen ki kanpe nan kan Janjak Desalin yo pou gonfle fòs nou ansanm pou n pousuiv chimen papa nanchon nou an
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Create your
podcast in
minutes
It is Free