Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou jete dlo pou Vanyan Malcolm X; Jodi a fè 57 lannen depi yo te sasinen li; Sa sa vle di kòm chanjman nan reyalite moun Nwa Ozetazini lè yon jij deside bay yon polisye Blan ki sasinen yon jèn gason Nwa 2 lannen nan prizon pou krim nan?
Nou ankouraje kominote a mete men nan konbit Vandredi Anba Tonnèl ap fè pou n ede fanmi ki te viktim Goudougoudou 14 out 2021 rebati kay yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 18 fevriye 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
Ranmase sou vant siyati liv "The Black Skin is a Badge of Honor" frè nou Raymond Dugué ekri nan nouvo lokal Flanbwayan an, 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn nan
Anons:
-5 mas, 7pm-10pm: Selebrasyon Eritye Papa Desalin pou Mwa Fanm 2022 nan lokal Flanbwayan an
-13 mas, 3pm-7pm: "Town Meeting" KOMOKODA nan lokal Flanbwayan an
-29 mas, 3pm-6pm: Manifestasyon KOMOKODA kont enjerans Etazini ak Nasyonzini nan peyi nou @ 45th St & 1st Avenue nan Manhattan
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines ki nan peyi Kiba
Nouvèl:
-Gwo selebrasyon nan peyi Mali apre Gouvènman an mete sòlda Lafrans deyò lakay yo
-Prezidan Macron nan peyi Lafrans anonse yon chita pale ant limenm, Vladimir Putin, ak Joe Biden sou dosye Ikrèn nan nan jou k ap vini yo
-Gouvènman restavèk Ariel Henry a pibliye yon nouvo ajisteman salè ki pase revandikasyon travayè yo k nan lari a nan betiz
-Etazini ak Nasyonzini kolè tèt yo ansanm pou yo fè yon dezyèm vèsyon CIRH la pou yo kore Ariel Henry ki se restavèk yo
-Ti koze Madan Lalim nan reyinyon Konsèy Sekirite Nasyonzini sou Ayiti Vandredi k sot pase a
-Dr. Paul Farmer ki t ap dechèpiye peyi nou akote Bill Clinton kòm Asistan Anvwaye Espeyal Nasyonzini fè travèse li jodi a nan peyi Wannda
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Create your
podcast in
minutes
It is Free