Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ti koreksyon nan enfòmasyon nou te pataje nan emisyon yè a sou Paul Farmer
Prezidan Larisi a Vladimir siyen pou peyi li rekonèt endepandans Donetsk ak Luhansk ki te fè pati Ikrèn kòm 2 peyi endepandan epi l aksepte envitasyon yo pou l voye sòlda Larisi pou ba yo pwoteksyon
Anons:
-5 mas, 7pm-10pm: Selebrasyon Eritye Papa Desalin pou Mwa Fanm 2022 nan lokal Flanbwayan an
-13 mas, 3pm-7pm: "Town Meeting" KOMOKODA nan lokal Flanbwayan an
-29 mas, 3pm-6pm: Manifestasyon KOMOKODA kont enjerans Etazini ak Nasyonzini nan peyi nou @ 45th St & 1st Avenue nan Manhattan
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nou pase repòtaj medya nan nèt la Ayibopost fè sou lit peyizan plèn Maribawou yo Gouvènman Ayisyen an, Bank Mondyal, ak Boujwa Dominiken Capellan te pran tè yo pou fè zòn franch CODEVI (Konpayi Devlopman Endistriyèl) nan Wanament
Nouvèl:
-Diplis nan lòbèy ki pete nan Ikrèn nan
-Anpil moun, Ayisyen ak etranje, ap kriye pou lanmò Dr. Paul Farmer men yo tout pran pòz yo bliye msye te asistan Bill Clinton kòm anplwaye Nasyonzini pandan kolera t ap fè ravaj epi Clinton t ap dechèpiye peyi nou
-Òganizasyon travayè yo voye jete dekrè Ariel Henry sou dosye salè minimòm nan epi yo sèmante batay la ap kontinye
Liy ouvè ak oditè yo
Gwo akizasyon kont Stephane Gilles ki se mizisyen Sweet Micky ke Martelly mete Konsil Ayisyen nan Miami ki ta fè 1.2 milyon dola vèt disparèt; Jounal Haiti En Marche anonse gen 200 mil dola vèt ki disparèt nan Konsila Ayiti nan Santiago, Chili; Anplwaye Konsila Ayiti nan Atlanta rele anmwe pou koripsyon k ap fèt anndan bwat sila a
Anons
Create your
podcast in
minutes
It is Free