Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou ankouraje kominote a mete men nan konbit Vandredi Anba Tonnèl ap fè pou n ede fanmi ki te viktim Goudougoudou 14 out 2021 rebati kay yo
Anons:
-Samdi 5 mas, 7pm-10pm: Selebrasyon Eritye Papa Desalin pou Mwa Fanm 2022 nan lokal Flanbwayan an
-Samdi 12 mas 2022, Midi-3pm: Manifestasyon devan Old Navy, GAP, ak Target sou Flatbush la nan solidarite ak ouvriye ak ouvriyèz yo nan SONAPI k ap batay pou yon ajisteman salè pou 1,500gd
-Dimanch 13 mas, 3pm-7pm: "Town Meeting" KOMOKODA nan lokal Flanbwayan an
-Madi 29 mas, 3pm-6pm: Manifestasyon KOMOKODA kont enjerans Etazini ak Nasyonzini nan peyi nou @ 45th St & 1st Avenue nan Manhattan
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 25 fevriye 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines ki nan peyi Kiba
Refleksyon nou sou Prezidan Larisi a Vladimir Putin ki rantre anndan Ikrèn pou mete yon kanpo sou Etazini ak LOTAN k ap mache ti pa, ti pa sou peyi li; Tout moun chwazi kan yo
Prezidan Dominiken an Luis Abinader fè diskou li pou make 178yèm anivèsè Repiblike Dominikèn; Li di y ap fini miray pou anpeche Ayisyen rantre a nan 9 mwa
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Create your
podcast in
minutes
It is Free