Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Anons:
-Samdi 5 mas, 7pm-10pm: Selebrasyon Eritye Papa Desalin pou Mwa Fanm 2022 nan lokal Flanbwayan an
-Samdi 12 mas 2022, Midi-3pm: Manifestasyon devan Old Navy, GAP, ak Target sou Flatbush la nan solidarite ak ouvriye ak ouvriyèz yo nan SONAPI k ap batay pou yon ajisteman salè pou 1,500gd
-Dimanch 13 mas, 3pm-7pm: "Town Meeting" KOMOKODA nan lokal Flanbwayan an
-Madi 29 mas, 3pm-6pm: Manifestasyon KOMOKODA kont enjerans Etazini ak Nasyonzini nan peyi nou @ 45th St & 1st Avenue nan Manhattan
N ap anonse ba fanmi an emisyon KOMOKODA a ki te konn pase chak mèkredi swa 9pm ap fè yon kanpe epi emisyon Eritye Papa Desalin apral ajoute 2 jou (mèkredi ak jedi, 1pm-2pm) nan program nou
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Dènye nouvèl ki tonbe sou dosye Ikrèn nan
-Senatè Rony Celestin ki t achte villa nan Montreal pou $4.2 milyon an ap bwase Kanaval nan vil Ench
-"Chèf" blan an mete alatèt peyi a Ariel Henry kite peyi a pou rankont CARICOM ak lòt peyi nan zòn nan yo
Liy ouvè ak oditè yo
Create your
podcast in
minutes
It is Free