Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Refleksyon nou sou 8 mas, Jounen Entènasyonal Lit Fanm
KOMOKODA ap anonse olye samdi 12 mas a midi, n ap travèse manifestasyon solidarite ak ouvriye yo pou Vandredi apremidi 3pm pou rive 6pm
Anons:
-Vandredi 11 mas 2022, 3pm-6pm: Manifestasyon devan Old Navy, GAP, ak Target sou Flatbush la nan solidarite ak ouvriye ak ouvriyèz yo nan SONAPI k ap batay pou yon ajisteman salè pou 1,500gd
-Dimanch 13 mas, 3pm-7pm: "Town Meeting" KOMOKODA sou sitiyasyon peyi nou nan lokal Flanbwayan an, 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn, NY
Nou salye kèk fanm vanyan nan lavi nou
Liy ouvè ak oditè yo sou fanm nan lavi yo yo vle salye
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan stidyo ak nou jodi a; Ti koze ak frè nou Ramon ki se responsab nan òganizasyon O.C.K.I.A. sou patisipasyon bann Rara nan kanaval Repiblik Dominikèn pou premye fwa ane sa a epi sou jan li viv wòl fanm nan sosyete a
Nouvèl:
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
-Malgre eskandal koripsyon chèk zonbi 81 mil dola mari Rodneyse Bichotte la Edu Hermelyn t ap touche nan men Eric Adams pandan kanpay la, Majistra Adams bay msye yon gwo djòb nan administrasyon li
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Create your
podcast in
minutes
It is Free