Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Anons:
-Samdi 12 mas 2022, Midi-3pm: Manifestasyon devan Old Navy, GAP, ak Target sou Flatbush la nan solidarite ak ouvriye ak ouvriyèz yo nan SONAPI k ap batay pou yon ajisteman salè pou 1,500gd
-Dimanch 13 mas, 3pm-7pm: "Town Meeting" KOMOKODA nan lokal Flanbwayan an
Repòtaj kay Vwazen ak frè nou Hilario Batista ki nan Kiba
Nouvèl:
-Nan okazyon 8 mas la Fondasyon Je Klere pibliye yon nòt sou kondisyon fanm nan peyi a jounen jodi a
-356 refijye Ayisyen ateri nan Florid
-Etazini voye Anne Witkowsky, yon nouvo emisè ki soti nan Depatman Deta nan peyi nou pou akòde akò yo
-Prezidan Maduro nan Venezyela di li te resevwa delegasyon Meriken an nan Palè Nasyonal peyi a, li ba yo chèz, li ba yo dlo; Arabi Saoudit ak UAE di yo pa p ogmante pwodiksyon luil yo pou soulaje Meriken ak bizawèl li yo
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi; Nou wete chapo n devan Premye Minis Pakistan an Imran Khan ki mande chèf Inyon Ewopeyèn k ap ba l presyon pou l denonse Putin si yo konprann Pakistan se peyi ki rete ak yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Create your
podcast in
minutes
It is Free