Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ti diplis sou manifestasyon KOMOKODA te fè Vandredi 11 mas la anfavè ouvriye yo k ap batay pou ajisteman salè minimòm 1,500 Goud la ak akonpayman sosyal
Nouvèl lagè a ansanm ak liy ouvè ak oditè yo pou n chache pi byen konprann lagè ant Etazini ak Larisi k ap fèt nan Ikrèn nan
Nouvèl:
-Nouvo jij sou dosye sasinay Jovenel Moise la, Merlan Belabre, denonse fason DCPJ ak leta Ayisyen lage l nan won san baton
-Dr. Fauci ajoute vwa li ak responsab Pfizer a pou di 4yèm dòz la se yon nesesite
-Tribinal nan Angletè bay lese pase pou fondatè Wikileaks la Julian Assange marye ak manman pitit li, avoka Stella Morris
-Lachin mande yon envestigasyon entènasyonal sou laboratwa pwazon biyochimik Meriken t ap jere anndan Ikrèn
-Ariel Henry di li pa tchoul Michel Martelly epi l pa p kandida nan eleksyon k apral fèt nan peyi a
-Apre atak kote bandi atake epi sezi 7 bis nan zòn Matisan an, sendika chofè bis ki fè wout Sid yo anonse yon grèv jiskaske bagay yo tounen nòmal
Liy ouvè ak oditè yo
Son nan mobilizasyon ouvriye yo ann Ayiti
Create your
podcast in
minutes
It is Free