Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj anndan chanm kay peyi a ak frè nou Wilner Altidor: Wilner ale Fò Libète pou l pale ak fanmi nou ki nan vil sila a pou fèt patwonal Sen Jozèf
Nouvèl:
-Pi wo tribinal nan peyi Onndiras deside y ap voye ansyen Prezidan peyi a Juan Orlando Hernandez vin jije isit Ozetazini pou trafik dwòg ak trafik zam
-Lejislatè Nassau County Carié Solages lapolis te arete dèske li te bat manman pitit li anonse li pral kandida pou depite nan kongrè Meriken an
-Nouvèl lagè ant Etazini ak Larisi k ap fèt nan Ikrèn nan
-Depatman Homeland Security Meriken ouvè yon biwo anndan Anbasad Meriken ann Ayiti epi yo fè konnen yo pral mennen ankèt epi mare Ayisyen pou koripsyon, pou gang, trafik dwòg, epi pou kidnaping
-Jounal NY Times resi rekonèt pawòl "laptop Hunter Biden" yo te demanti lavèy eleksyon 2022 Etazini an se te verite l te ye
Liy ouvè ak oditè yo
Anons:
-Madi 29 mas, 3pm-6pm: Manifestasyon KOMOKODA kont enjerans Etazini ak Nasyonzini nan peyi nou @ 45th St & 1st Avenue nan Manhattan
Create your
podcast in
minutes
It is Free