Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA k ap fèt madi pwochen 29 mas, 3-6pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI
Repòtaj kay Vwazen ak frè nou Hilario Batista ki nan Kiba; Hilario fè ti koze ak frè nou Richard Mirabal Jean Claude, pitit Martha Jean Claude
Nouvèl:
-Lis peyi nan kontinan Lafrik ki seswa vote ak Larisi oswa fè abstansyon
-Ansyen responsab KONATEL Jean Marie Altema demanti akizasyon dwèt long siperyè Fondasyon Je Klere nan lajan dola senkant ak 5 santim chak minit dyaspora a
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
-Vladimir Putin ta di depi yon peyi nan lis peyi k pa zanmi Larisi yo bezwen achte nan men l se nan lajan Larisi (Woub) pou yo peye li
-Mèsenè Kolonbyen k nan prizon sou dosye sasinay Jovenel Moise la yo rele anmwa anfas pawòl lajistis Ayisyen ki di yo pral boule kadav 3 Kolonbyen k mouri menm jou sasinay la
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Create your
podcast in
minutes
It is Free