Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou jete dlo pou Vanyan Martin Luther King Jr., yè lendi a se te 54 lannen depi asasen te koupe souf li etan l te nan pye travay li
Nou eskize nou bò kote oditè nou yo paske ti fikilte teknik emisyon yè lendi a pa t pase nan entènèt la ak audionow; Nou pa genyen yon anrejistreman emisyon an nonplis; Nou fè yon ti ranmase sou sa k te pase nan emisyon yè a
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Jan nou te anonse sa, konbit Vandredi Anba Tonnèl t ap fè pou n ede kèk fanmi nan Gransid la rebati kay yo a kanpe jedi swa; Nou rive ranmase ti kras mwens ke 18 mil dola; Pi devan n a vini ak yon rapò konplè sou chif ekzakt la epi travay kòb la te rive reyalize
Nouvèl:
-Bizawèl Lafrans yo akize lame peyi Mali kòmkwa l ap asasinen inosan
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
-USAID di li bay Kansas State University 12 milyon dola pou ede pèp Ayisyen an pi byen plante latè; Yo di sa pral fèt nan kolaborasyon ak kèk inivèsite anndan peyi a; Pou di menm moun k ap vòlè tè peyizan ap plante pou yo mete beton pou faktori pral ede nou fè plis manje?
-Mèsenè Kolonbyen Palacios Palacios ki nan men Meriken sou akizasyon sasinay ti vòlè apatrid Jovenel Moise parèt devan jij ansanm ak avoka li pou di li inosan, ke mantè a te deja mouri lè ekip Kolonbyen yo rantre anndan kay la
-Sa nou swete k soti nan dosye dola senkant ak 5 santim chak minit la k retounen nan tribinal
-Mezon blanch Meriken pa ekate posibilite pou Joe Biden ta bay pitit li Hunter Biden yon padon nan dosye koripsyon ki aktyèlman nan wout pou tribinal
Liy ouvè ak oditè yo
Create your
podcast in
minutes
It is Free