Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou "Town Meeting" KOMOKODA ap fè samdi 23 avril 2022, 6pm sou dosye dola senkant ak 5 santim chak minit la nan Legliz Batis Dizrayèl ki nan 1377 Rogers Ave (Kwen Farragut Rd.) nan Brooklyn nan
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Yon moun lapolis pa rive idantifye lage gaz epi ouvè zam sou pasaje yo nan yon tren nan Sunset Park nan Brooklyn nan
Refleksyon nou sou Kenneth Merten ki fè Ayisyen k ap mande l pou fè kichòy pou nou yo sonje se yon ofisyèl Ameriken li ye epi se pou Ameriken l ap travay; Refleksyon nou sou Ayisyen nan dyaspora a k ap laloz: y ap sèvi Ameriken ki lakòz y ap kolabore ak Ariel epi an menm tan yo pretann se pèp Ayisyen an y ap defann;
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-Li ta parèt gen plizyè òganizasyon fanm nan peyi a ki ta fè yon reyinyon nan Karibe Convention Center kote yo envite Minis Kondisyon Fanm nan gouvènman restavèk Ariel Henry a ak responsab BINUH a Madan Lalim k ap di fanm nan peyi wòl pou yo ta jwe pou chanje sitiyasyon Ayiti
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
-Konpayi Moderna l ap blije rantre 765,000 dòz vaksen yo te voye deja voye ann Ewòp
-Televisyon Leta nan Arabi Sawoudit ap pase imaj Joe Biden kòm yon vye granmoun ki fin entatad ki pa ka jere zafè li
-Sitiyasyon konplike lènmi kreye mennen goumen pete ant refijye Ayisyen ak Afriken nan Tapachula nan Meksik
-Peyi Tiki anonse li voye dosye sasinay Jamal Kashogi bay Arabi Awoudit pou jijman an ka fèt nan peyi sila a
-Larisi denonse Izrayèl ki rantre nan wonn peyi k ap akize l ta fè krim kont limanite nan Ikrèn
Liy ouvè ak oditè yo
Create your
podcast in
minutes
It is Free