Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou "Town Meeting" KOMOKODA ap fè samdi 23 avril 2022, 6pm sou dosye dola senkant ak 5 santim chak minit la nan Legliz Batis Dizrayèl ki nan 1377 Rogers Ave (Kwen Farragut Rd.) nan Brooklyn nan
Lapolis rive idantifye yon sispèk nan tire k te fèt nan tren nan Sunset Park nan Brooklyn nan yè
Repòtaj kay Vwazen ak frè nou Hilario Batista ki nan Kiba; Hilario pale ak Madam Luciana, yon grandèt 75 lannen, pitit Ayisyen ki fèt epi k ap viv nan peyi Kiba
Nouvèl:
-Jetblue nan negosyasyon pou l ta achte konpayi Spirit Airlines pou 3.6 milya dola vèt
-Gadkot Meriken di yè li pimpe 89 Ayisyen yo te pran nan lanmè pre Kiba tounen nan peyi d Ayiti
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
-Nan yon rankont ki fèt nan Pòtoprens samdi pase a Moise Jean Charles anonse li repran beton an nan dengwenn Ariel Henry; Li lagay chay responsabilite malè peyi a nan men Meriken; Epi l mande tout moun li ta fè mal yon gwo padon menm jan li padone nenpòt moun ki te fè l kichòy
-Prezidan 4 peyi pwòch Ikrèn al vizite Prezidan Ikrèn nan Volodimyr Zelensky pou pote sipò ak solidarite yo
Liy ouvè ak oditè yo