Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou "Town Meeting" KOMOKODA ap fè samdi 23 avril 2022, 6pm sou dosye dola senkant ak 5 santim chak minit la nan Legliz Batis Dizrayèl ki nan 1377 Rogers Ave (Kwen Farragut Rd.) nan Brooklyn nan
Repòtaj anndan chanm kay peyi a ak frè nou Wilner Altidor: Wilner monte Sitadèl jou "jedi sen" an kote anpil jèn ak anpil mwen jèn tou fè pelerinaj la jan yo fè sa chak ane
Nouvèl:
-Lapolis nan NYC rive arete Frank James pou zak ki te fèt nan tren N nan Brooklyn nan madi maten apre msye limenm li te rele yo pou di men ki kote li ye
-Kandida pou prezidan peyi Lafrans Marine Le Pen di si l ta monte l ap wete Lafrans nan jiwon militè LOTAN epi l ap fè yon rekonsilyasyon ak Larisi
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
-Ankèt entèn sou aksyon gad fwontyè Etazini k te sou chwal yo epi y ap lanse Ayisyen an bout. Yo deside mesye sila a yo pa t fè anyen ki mal
Liy ouvè ak oditè yo
Konbit Eritye Papa Desalin nan kad "fundraising" Radio Omega ap fè depi mwa avril la koumanse
Create your
podcast in
minutes
It is Free