Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Jodi a se 20 avril 2022; Sa fè 32 lannen depi Ayisyen nan NY te fè listwa ak yon kokenn manifestasyon ki te sekwe pon Brooklyn nan
Mobilizasyon pou "Town Meeting" KOMOKODA ap fè samdi 23 avril 2022, 6pm sou dosye dola senkant ak 5 santim chak minit la nan Legliz Batis Dizrayèl ki nan 1377 Rogers Ave (Kwen Farragut Rd.) nan Brooklyn nan
Repòtaj kay vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Hilario pale ak yon fanmi ki rele Juan Senat ki se pitit Ayisyen ki soti nan pwovens Camaguey
Nou pase ti moso nan diskou Pè Titid te fè nan legliz Sent Terèz Davila 6 me 1990 kote li te salye kouraj kominote Ayisyen an ki te fè kokenn manifestasyon sila a
Liy ouvè ak oditè yo
Create your
podcast in
minutes
It is Free