Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou "Town Meeting" KOMOKODA ak Veye Yo ap fè samdi 7 me k ap vini an sou dosye dola senkant ak 5 santim chak minit la nan Sant Kominotè Pè Gerard Jean Juste nan Miami: 690 NE 159th St nan North Miami Beach
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 29 avril 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
Ti Koze ak konpatriyòt Dominique St Eloi, responsab CNOHA sou manifestasyon ouvriye yo fè yè nan Pòtoprens
Nouvèl:
-Emisyon an jete dlo pou diplomat epi lejislatè Kiben Ricardo Alarcon ki fè travèse li yè dimanch lan
-Gen yon jij federal Ozetazini ki bloke desizyon rejim Biden nan pou l fini ak depòtasyon "Title 42" yo
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
-Gouvènman Dominiken an anonse gand 400 Mawozo ta kidnape diplomat peyi yo Carlos Guillen Tatis nan zòn Kwadèboukè
-Bri kouri gen moun ki ta frape avoka Andre Michel
Liy ouvè ak oditè yo
Create your
podcast in
minutes
It is Free