Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ayibobo pou Ayisyen nan peyi Lafrans ki lanse yon petisyon pou bloke espektak Martelly ak pitit li yo ki anonse pou 10 jen k ap vini an
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Altagracia pale ak konpatriyòt Roudy Joseph, yon aktivis k ap viv nan Repiblik Dominikèn Imigrasyon peyi sila te arete paske li t ap dokimante represyon yo t ap fè sou moun nwa yo te pran pou Ayisyen
Nouvèl:
-Yè lendi swa moun ak kagoul lapolis pa rive idantifye fè yon masak nan yon otèl nan vil Celaya nan Guanajuato, Meksik
-Gouvènman Biden nan mennen depòtasyon masiv refijye Ayisyen lavèy jou 23 me "Title 42" te dwe sispann nan
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
-Mezon Blanch di se chape djòl Biden chape lè l di Etazini ap rantre nan batay la si Lachin ta anvayi Taiwan
-Reyaksyon ki tonbe sou seri atik jounal NY Times pibliye nan wikenn nan sou rasin mizè k gen ann Ayiti jodi a
Liy ouvè ak oditè yo
Create your
podcast in
minutes
It is Free