Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA jedi 28 jiyè 2022 devan katye jeneral Citi Bank pou n make 107yèm anivèsè okipasyon Meriken 1915 lan
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-City Council lavil NY ajoute non Eudes Pierre, yon jèn Ayisyen lapolis te touye nan mwa desanm 2021, nan entèseksyon Utica ak Eastern Parkway nan Brooklyn nan
-Diplis sou 17 Ayisyen ki mouri nwaye nan dlo Bahamas dimanch ayè a; Deklarasyon CARICOM; Deklarasyon Ariel Henry; Deklarasyon Premye Minis Bahamas la Philip Davis
-Nasyonzini bay nouvo bilan li sou masak nan Site Solèy; Ulrika Richardson, nouvo adjwen Madan Lalime nan di y ap ede nan tout netralite yo
Nou mande oditè yo refleksyon yo sou jan nou wè peyi nou ap soti nan sa l ye la a
Nou pase yon prezantasyon konpatriyòt Duval Peralte, fanmi Charlemagne Peralte poste nan youtube sou lavi Charlemagne
Plis nouvèl:
-RNDDH mete yon rapò deyò pou di se $200,000 ki tonbe nan dosye moun yo te lage nan dosye zam ak katouch lapolis te jwenn nan batiman Miss Lilie a
-Ministè Afè Etranjè Lachin di se Etazini ki lakòz gè k ap fèt nan Ikrèn nan epi yo di se imoral ke jis jodi a Etazini kontinye ap fè desizyon pou pwolonje lagè a
-Larisi anonse se zam ki t ap pase nan pò Odessa ki fè li te bonbade l Samdi a malgre akò li te siyen ak Ikrèn pou kite manje pase pou al vann nan mache entènasyonal
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Create your
podcast in
minutes
It is Free