Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Remèsiman pou tout fanmi ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje sa k panko fè sa pou yo sipòte
Nouvèl:
-Pou kontrekare menas Meriken ak Koridisid rele egzèsis militè, Koredinò lage plizyè misil ki pase sou tèt Japon
-Gwo manifestasyon kont konpayi min Kanadyen nan zòn San Juan de la Maguana nan Repiblik Dominikèn
-Dènye koze yo ta vle anonse se peyi Kanada ki pral pran kòmandman envazyon ak okipasyon peyi d Ayiti a menm lè yo te di se te pou debloke Tèminal Vare ki jodi a debloke
-Netanyahu retounen nan papòt pouvwa nan Izrayèl
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan jounal Haiti Liberté Vandredi 18 novanm 2022, 3pm-6pm pou n al denonse mannèv jounal sila a pou fè asasen kriminèl Jimmy Cherizier alyas Babekyou pase pou revolisyonè k ap batay pou pèp
Nou pase vwa fanmi nan Bèlè ki te viktim nan masak Cherizier ak G9 fè nan zòn nan
Refleksyon nou sou editoryal jounal Haiti Liberté pou atake Dahoud Andre ak òganizasyon KOMOKODA ki anonse manifestasyon devan lokal jounal sa a pou denonse jan y ap travay pou fè Babekyou pase pou revolisyonè k ap batay pou pèp
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Create your
podcast in
minutes
It is Free