Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou ankouraje yo sipòte emisyon an
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Konbit pou pelerinaj nou fè chak lannen pou mennen kominote a al fè solidarite ak endijèn bò isit yo nan Plymouth, MA pou kwape mit "Thanksgiving nan
Nouvèl:
-rapò Kongrè Meriken te mande Depatman Deta sou sasinay Jovenel ki te dwe pare depi mwa mas 2022 finalman soti san l pa di anyen
-kout zam tire sou yon kòtèj Anbasad Meriken
-3 dosye ki pase nan referanndòm (fandòm) nan eleksyon NYC madi pase a
-Latiki akize Etazini nan yon atak bonb ki fèt lakay li dimanch ki sot pase a
-Tchoul restavèk Ariel Henry eskive 2 minis Meriken te sanksyone epi l tou pwofite enstale jij Jean Joseph Lebrun alatèt tribinal Kasasyon
-Pou yo respekte dezisyon tribinal federal sou dosye TPS la, Depatman Homeland Security Meriken anonse pwolongonsayon TPS pou 6 peyi ki gen ladan yo Ayiti jiska jen 2024
-Lavil NY mande pou gouvènman federal la ranbouse l lajan l blije depanse pou akomode anviwon 10,000 refijye san papye ki ateri sanzatann nan vil la
-Peyi Kanada anonse sanksyon ki komik anpil kont Jimmy Cherizier alyas Babekyou
-Popilasyon an bat chalbari dèyè Ariel Henry epi yo bay ansyen senatè zokiki anpil pataswèl nan lantèman Eric Jean Baptiste ki fèt yè
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan jounal Haiti Liberté Vandredi 18 novanm 2022, 3pm-6pm pou n al denonse mannèv jounal sila a pou fè asasen kriminèl Jimmy Cherizier alyas Babekyou pase pou revolisyonè k ap batay pou pèp
Liy ouvè ak oditè yo
Nou li lèt òganizasyon KAKOLA pibliye 16 septanm 2022 pou li denonse kanpay jounal Haiti Liberté ap mennen pou fè Babekyou pase pou revolisyonè
Anons
Create your
podcast in
minutes
It is Free