Magazin 4 Je kontre se yon magazin ki analize aktyalite nan nivo politik, ekonomik sosyal ak kiltirèl nan gade ansanm ki kote nou ye epi ki chimen pou n pran pou n vanse. Nan Magazin semen sa a, nou gen kòm envite ekonomis Camille Chalmers ak militant Olga Benoit. Nou te pale sou Chavez, kiyes li te ye ak pakou li. nou te gade tou kisa gouvenman Chavez la te pote kom sipo bay Ayiti ak evantyel konsekans disparisyon ka genyen sou relasyon Ayiti ak Venezyela.
Nan dezyem tan nou te fe yon gade jounen entenasyonal dwa fanm yo, 8 mas la ak diferan aktivite SOFA konte oganize pou make jounen sa a.
Magazin sa pase sou diferan radyo kominotè nan Peyi d'Ayiti, w Ka li tèks atik nou tou nan www.saks-haiti.org. Magazin 4 Je kontre se yon patenarya ICKL, ITEKA, PAJ ak SAKS
view more