Magazin 4 Je kontre se yon magazin ki analize aktyalite nan nivo politik, ekonomik sosyal ak kiltirèl nan gade ansanm ki kote nou ye epi ki chimen pou n pran pou n vanse. Nan Magazin semen sa a, nou gen kòm envite, Yanick Etienne militant mouvman sendikal Batay Ouvriye, ki te bay dizon l sou aktyalite a sitou sa ki gen pou wè ak jounen travay ak agrikilti a 1er me.
Magazin sa pase sou diferan radyo kominotè nan Peyi d'Ayiti, ou Ka li tèks atik nou tou nan www.saks-haiti.org. Magazin 4 Je kontre se yon patenarya ICKL, ITEKA, PAJ ak SAKS
view more