Chak semèn, Rezo Nasyonal Edikasyon Radyofonik SAKS la, brase lide ak youn oswa plizyè envite sou sa ki pase nan peyi a. Semèn sa a, nou te resevwa pwofesè Camille Chalmers manm mouvman politik Kan Pèp la ak doktè Junot Felix pou mouvman politik Akawo.
Nan aktyalite semèn nan, nou te gade divès pwen sitou jounen 8 me pase a, kote plizyè dizèn milye fanatik ak senpatizan Fanmi Lavalas, te defile nan Pòtoprens pou akonpaye ansyen prezidan Aristide nan pakè Pòtoprens pou l al reponn kesyon lajistis sou kò sasinay ki te fèt sou jounalis radyo Ayiti Entè a, Jean Dominique ansanm ak gadyen radyo a Jean Claude Louissaint jou ki te 3 me 2000 la.
Apre sa nou te gade ak envite yo, bilan reyalizasyon pouvwa Tè kale a, pandan 2 lane pase yo. Pwofesè Camille Charlmers ak doktè Junot Felix di yo konstate, pa gen anyen ki chanje vre jan popilasyon an t ap tann sa ak jan prezidan Joseph Michel Martelly te pwomèt li. Viktwa toujou pou moun k ap jwi yo depi lontan.
Magazin sa pase sou diferan radyo kominotè nan Peyi d'Ayiti, ou Ka li tèks atik nou tou nan www.saks-haiti.org. Magazin 4 Je kontre se yon patenarya ICKL, ITEKA, PAJ ak SAKS
view more