Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Refleksyon sou 50yèm anivèsè sasinay Malcolm X samdi 21 fevriye k sot pase a ak aktivite k fèt pandan wikenn nan
Pwezi Professor Louie: Working Class
Nouvèl
-Rasis Dominiken sasinen yon Ayisyen nan Elias Pinas jedi swa; Reyaksyon restavèk ki nan Gouvènman Ayisyen yo: yon "soutyen" $223 pou fanmi konpatriyòt Henry Claude Jean epi $400,000 pou "stand" Mateli nan kanaval 2015 lan
-Strateji touris sipèsta Meriken Gouvènman restavèk la tounen kont yo: laprès entènasyonal la konekte maladi Chris Bosh la ak vwayaj li nan kanaval Ayiti semèn pase a
-Se Vandredi 27 fevriye k ap vini Dr. Gracia Mayard ki te gen emisyon isit la nan Radyo Pa Nou ap parèt devan jij federal nan Central Islip pou pinisyon l dèske l te vann preskrisyon Oxycodone
-Bill Clinton ap fè virewon nan jaden papa l - soti nan Plato Santral rive nan inogirasyon otèl Mariott nan Tijo, Pòtoprens; Pwoblèm "libido" Bill Clinton ak sispisyon koripsyon soti pou antrave kanpay Hillary Clinton
-Ansyen direktè Fon Monetè Entènasyonal (FMI) Dominique Strauss-Khan ap jije nan peyi Lafrans pou zafè òganize òji ak bouzen pou gran nèg parèy li
-Kakachat ansyen responsab MINUSTHA a Edmond Mulet kòm trafikan timoun nan peyi l Gwatemala pran lari
Liy ouvè ak oditè yo
view more