Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou aktivite semèn nan
-bon nouvèl - Jounal Santinèl Pèp la repran lari (http://santinel.net46.net/)
-patisipasyon nou samdi a nan aktivite African Brotherhood for Self Determination (AB4SD) nan memwa Malcolm X ak Sonny Abubadika Carson
-www.skiplagged.com - se yon sit entènèt ki pèmèt ou jwenn tikè avyon pi bon mache (yo pa peye nou; nou pa travay pou yo!)
Nouvèl
-Yon lanmò bridsoukou - Konpatriyòt Sony Esteus, responsab SAKS (www.saks-haiti.org) fè travèse li - Yon kokenn pèt nan batay pou lang Kreyòl la epi pou Ayiti ta vin yon sosyete san fòs kote
-Refleksyon sou "GWO" manifestasyon ki fèt Pòtoprens mèkredi pase a pou pwoteste kont move tretman Ayisyen ak pitit Ayisyen ap sibi Sendomeng epi sou dosye sila a an jeneral
-Venezyela deside bride "diplomasi" Meriken nan peyi yo epi ekzije viza pou touris Etazini ki vle vizite peyi yo
-Sweet Micky "djaz gwo zozo" san bann nan deside enstale kadejakè Josue Pierre-Louis kòm sekretè jeneral nan primati
Liy ouvè ak oditè yo
view more