Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Repòtaj Kay Vwazen ak Altagracia Jean Joseph ansanm ak avoka Manuel de Jesús Dandre
Nouvèl
-Tribinal kroupyon nan peyi Kotdivwa deside bay Madam Simone Gbagbo, madanm ansyen prezidan peyi a Laurent Gbagbo pinisyon 20 lannen nan prizon pou wòl yo di l te jwe nan vyolans 2010 yo
-Nouvèl nan lese frape Larisi ak Ikrèn nan; Lajistis peyi Larisi anons li arete 5 sispèk kòm responsab sasinay Boris Nemtstov epi yonn nan yo konfese krim nan
-Kim ki-Jong, yon Sid Koreyen ki patizan inite ak Kore dinò, tchake Mark Lippert, anbasadè Meriken nan Kore disid ak kout kouto. Anpil san koule men sa pa t twò grav. Lopital rive koud anbasadè a
-Prezidan Meriken an, Barak Obama, deklare peyi Venezyela se yon gwo menas pou peyi Etazini epi l ogmante sanksyon sou peyi sila a; Koneksyon ki genyen ant desizyon Etazini an ak chire pit ki genyen ant Venezyela ak peyi Giyàn pou luil ki nan zòn tou 2 peyi vwazen sa yo reklame
-Skandal email Hillary Clinton nan
Liy ouvè ak oditè yo
view more