Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
3 aktivite nou ankouraje oditè yo sipòte
-jedi 19 mas 2015, 3pm-6pm manifestasyon devan biwo Hillary Clinton, 120 W 45th St nan Manhattan
-samdi 28 mas, 9pm, fèt 22 an emisyon Fòk Sa Chanje nan Paradise Caterers, 51 Ave U ant W11th & W12th nan Bklyn nan
-dimanch
29 mas, 5-8pm, Selebrasyon Eritye Papa Desalin ap òganize pou make mwa
Fanm nan PS 399, Rogers Ave ak Albemarle Rd nan Bklyn nan
Nouvèl
-Gouvènman Ayisyen di l ka gen ti pwoblèm nan koze eleksyon an akoz MINUSTHA ki p ap la nan tout depatman peyi a yo pou ba li pwoteksyon
-Atik ki parèt yè nan NY Times sou koripsyon ak briganday nan gouvènman Mateli a
-gwo manifestasyon nan Brezil pou jete gouvènman Dilma Rouseff la; eskandal koripsyon nan konpayi Petrobras nan peyi sila a; milyon dola koripsyon Petrobras k al ateri nan kòfrefò Fondasyon Clinton
-Apati 25 avril Delta ap kanpe vòl dirèk chak jou NY-Pòtoprens yo a
Ti koze ak frè nou Jacob François k ap viv nan zòn Mao nan Repiblik Dominikèn sou agresyon ak sasinay fanmi nou yo ap sibi nan zòn sila a
Nou jete dlo pou salye Madam Allene Person ki fè travèse li
view more