Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Anons lanmò Msye Joseph Raoul Ferdinand - Fòs, kouraj, ak lanmou pou fanmi an
Ti koze ak manm KOMOKODA Fritzner Pierre sou desizyon Hillary Clinton pou l plante katye jeneral kanpay li nan Brooklyn nan
Nouvèl:
-Lakou siperyè dèkont peyi d Ayiti anonse lajan dyaspora Mateli ak bizawèl li yo ap manje depi mwa jen 2011 la se yon taks ilegal leta Ayisyen pa rekonèt
-Apre yon karyè ap fòme pwopagandis pou Vwadlamerik nan USIS nan Washington, Daly Valet ateri nan Platfòm Pitit Desalin
-Prezidan peyi Tchekoslovaki deklare anbasadè Meriken nan peyi sila a pa andwa met pye l nan palè nasyonal peyi a
-Premye Minis peyi Lababad deside li lè li tan pou peyi li granmoun; yo fout fini ak koze larèn Angletè kòm chèf deta peyi a
-Sid Afriken yo deside dechouke stati ak moniman k ap venere blan ki te sasinen yo epi mete yo nan chenn sou pwòp teritwa yo
Ranmase sou enfòmasyon ki nan Bilten Eritye Papa Desalin pou semèn sa a
Liy ouvè ak oditè yo
view more