18 me 2012, animatè emisyon Lakou New York yo Dahoud Andre ak Manno
Louizaire te fè yon koze istorik ak gran sè nou "gad flanbo" Bayyinah
Bello sou drapo peyi nou. Bayyinah t ap pale ak nou depi zòn Boren tou
pre vil Desalin ki se te premye kapital peyi nou.
Depi w wè jou
18 me a rive Ayisyen tonbe resite sòm ak vèsè tankou jako repèt. Lakou NY te
panse l enpòtan pou n t al nan sous pou chache jwenn lòt kalite koze ki
rantre nan fon sa nou ye kòm pèp epi ki destine ki enskri pou pèp nou
an.
Nan okazyon 18 me 2015 emisyon Eritye Papa Desalin ranmase
koze Lakou NY sila a pou n repataje l ak fanmi nou yo. Nou panse tout
Ayisyen ki gen zòrèy ta dwe koute ti koze sila a nou gen lonè pataje ak
ou la a. Oumenm bò kote pa w pa fè chich, pataje l ak tout fanmi ak
zanmi pou yo konnen kote n soti, ki ès nou ye.
view more