Magazin 4 Je kontre se yon magazin ki analize aktyalite a nan nivo politik, ekonomik sosyal ak kiltirèl nan gade ansanm ki kote nou ye epi ki chimen pou n pran pou n vanse.
Pou semèn sa a magazin 4 Je kontre te rankontre Saint Pierre Beaubrun. Li se kòdonatè GARR. Koze yo te fèt sou kesyon Migrasyon an sou fason sitwayen ayisyen yo ap kouri kite peyi a pou al chache lavi miyò lòt kote.
Magazin sa a pase sou diferan radyo kominotè nan Peyi d'Ayiti, ou Ka li tèks atik nou yo tou nan www.saks-haiti.org