Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nouvèl:
-Etidyan Howard University manifeste kont administrasyon lekòl la ki bay James Comey ansyen direktè FBI la yon pozisyon ki pote non Martin Luther King Jr epi ba l fè diskou prensipal nan seremoni pou akeyi nouvo etidyan nan lekòl la
Gwo dega siklòn Maria fè nan zile Ladominik; enpòtans pou n pote kole nan konbit k ap fèt pou rebati peyi a; nou pase son Premye Minis peyi a Roosevelt Skerrit k ap mande konkou
Nou ankouraje kominote rele biwo depite Yvette Clarke pou fè l konnen se pou yon kanpay Amnesty General pou tout 11 milyon san papye yo n ap batay
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Ti koze ak frè nou Fritzner Pierre sou travay Amnesty General la; aktivite n ap antreprann; epi enpòtans pou avoka Ayisyen ak pitit Ayisyen yo kanpe pou defann moun nan kominote a ki gen pwoblèm imigrasyon
Nou pale plis son ki soti nan selebrasyon 259yèm anivèsè nesans Papa Desalin nan
Anons
Create your
podcast in
minutes
It is Free