Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
-Yè lendi 5 mas 2018 la fè 5 lannen depi Vanyan Hugo Chavez fè travèse li. Nou jete dlo pou li
-Jodi 6 mas la se anivèsè nesans gran ekriven Kolonbyen Gabriel Garcia Marquez; Si l te la ak nou toujou jodi a ta fè l 91 rekòt kafe
-N ap tann tout fanmi an samdi 10 mas, 7pm nan Selebrasyon Mwa Fanm Eritye Papa Desalin ap òganize nan Walt Whitman Middle School, 72 Veronica Pl @ Snyder Ave
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Nan mesaj anyèl li devan palman Ris la Vladimir Putin deplòtonnen yon kategori gwo zam fann fwa dènye kri epi l di Etazini met ti dlo nan diven l
-Palman Afrikdisid vote 241 kont 83 pou mande gouvèlman an pran tè k nan men plantè blan yo san konpansasyon epi renmèt li bay nwa yo nan peyi a
-Eleksyon nan Venezyela anonse pou 20 me; Menm Etazini k ap plenyen kriye enjerans Larisi nan eleksyon Trump-Hillary a sèmante l ap gate eleksyon Venezyela a
Anons
Create your
podcast in
minutes
It is Free