Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
-Konbit pou mobilizasyon pèmanan KOMOKODA chak Mèkredi 3pm-6pm devan konsila Ayiti nan NY la jiskaske chodyè a chavire
-Salye sè nou Fabienne Hyacinthe ak fanmi li. Lantèman papa l, Msye Jean-Gerald Saint-Juste fèt semèn ki sot pase a
-Salye Madam Marie Severin ak fanmi li nan okazyon travèse manman li, Madam Genevieve Lilavois. Lantèman an ap fèt demen madi 29 me a, a 10è dimaten nan Frantz Daniel Jean Funeral Home, 5120 Foster Ave. nan Brooklyn nan
-Jodi a se "Memorial Day" isit Ozetazini, jou peyi a sonje sòlda ki mouri nan batay; refleksyon nou sou jou sila a
-Yè dimanch 27 me a se te Fèt Manman Ayisyen yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 25 me 2018 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Nou wete chapo n, jete dlo pou salye Vanyan Fadi Abu Saleh ki te pèdi 2 pye l nan masak Izrayèl te fè nan Gaza an Desanm 2008 epi ki tonbe pandan l t ap tire wòch ak fistibal sou sòlda Izrayeyen ki t ap sasinen manifestan Palestinyen lendi 14 me 2018
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Mobilizasyon pou kanpe an pèmanans KOMOKODA fè chak Mèkredi 3pm-6pm devan konsila Ayiti nan NY la jiskaske chodyè a chavire
Refleksyon nou sou ti komik, ti kouyon Jovenel k ap fè pri an bouzen nan Taiwan ak pwoblèm peyi nou
Anons
Create your
podcast in
minutes
It is Free