Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou di matant nou ki se marenn nou tou Bernadette Pierre Bòn Fèt; salye sè nou Yolette Jules (Joujou), lantèman papa li Mesye Nicolas Jules te fèt samdi k sot pase a; Jodi a se jou moun isit yo fete Kristòf Kolon; Nou jete dlo pou Vanyan Che Guevara, 9 oktòb 2020 an fè 53 lannen depi l tonbe nan pye travay li
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 9 oktòb 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Apre prèske 50 lannen prizonye politik Meriken Nwa Jalil Mutaqim jwenn liberasyon li
Gwo dosye jounen an se Moneygram ki mete anons deyò pou di yo pa p ka kontinye kouvri frè $1.50 sou chak transfè k ap rantre Ayiti yo. Kounyè a dyaspora a pa gen okenn biznis transfè pou n voye kòb san nou pa bay vòlè dola senkant
Mannigèt goud yo fè konprann ki double fòs sou dola a pa plis ke yon lòt mannèv pou vòlè yo rele gouvènman Ayisyen an foure men pran mwatye nan tout dola dyaspora a voye nan peyi a: Baton nan men nou epi nou kite chen ap mòde n
Create your
podcast in
minutes
It is Free