Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi yo ki rele nou pou fè n konnen yo te apresye kòmantè n te fè yè nan emisyon yè lendi a sou dosye vaksin kovid-19 yo
Ti komik Joseph Jouthe ranse kont li nan enstalasyon Leon Charles; Kidnapè k te abiye ak inifòm UDMO rantre anndan biwo yon kabinè enjenyè epi yo pati ak 2 nan yo pandan Jouthe t ap ranse a
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Yon nouvo siklòn ki pote non Iota ap fè ravaj nan Amerik Santral la 2 semèn aprè siklòn Eta te fè gwo dega
-ICE (Imigrasyon) ranmase 88 nan 3000 prizonye gouvènè New Jersey a te deside lage anvan lè akoz Kovid-19 la
-Lachin siyen pi gwo akò komèsyal mond la janm konnen ak 14 peyi vwazen li: Bimani, Brine, Kanbòdj, Endonezi, Filipin, Japon, Kore Disid, Lawòs, Malezi, Nouvèl Zelann, Ostrali, Sengapou, Taylann, Vyetnam
-CARICOM di li swete Biden ki ta dwe monte opouvwa Ozetazini pral sispann politik divize pou renye Administrasyon Trump lan t ap fè nan Karayib la
-Ti diplis sou vaksen Kovid-19 la ak nouvo chif otorite yo bay sou kovid la
Liy ouvè ak oditè yo
-Sipòtè Donald Trump yo akize konpayi Meriken ki rele Dominion ki te responsab kontwole vòt nan 28 eta nan dènye ekeksyon Etazini yo te fè paspouki anfavè Joe Biden
-Grandèt Benicia Souffrant (Madan Janba) peyi a te fè konesans ak li ane pase lè l te gen 126 lannen fè travèse li nan laj 127 lannen
Anons
Create your
podcast in
minutes
It is Free