Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
2 ti mo sou Premye desanm ki se Jounen Entènasyonal Sida
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn: arestasyon yon bann ansyen otorite Dominiken pou koripsyon; Gouvènman Dominiken an fè konnen l ap depanse sa l pa genyen pou fanm Ayisyen k ap vin akouche lakay li; 9 lannen depi sè nou Sonia Pierre janbe!
Ti koze ak sè nou Darnell Benoit sou chanjman k ap fèt nan fason lekòl leta yo ap relouvri nan vil New York la epi delè pou aplikasyon nan kolèj pou ane pwochèn ki tou pre
Nouvèl:
-Nou jete dlo pou viktim masak 29 novanm 1987 nan Riyèl Vayan yo
-Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA lanse pou madi 15 desanm 2020 devan Misyon Etazini nan LONI (45th St ak 1st Ave. nan Manhattan)
-Gwo leve kanpe nan peyi Lafrans apre kamera videyo anrejistre 4 polis blan k ap maspinen yon jèn nèg Nwa
-Disparisyon epi reaparisyon jounalis Guy Delva nan Petyonvil
-Kidnaping ap fè ravaj nan peyi nou
-Yon kout je sou atik ki parèt yè nan Miami Herald sou vòl gouvènman Jovenel Moise lan ap fè ak komedi goud la ki ta kòmkwa double fòs sou dola a
Liy ouvè ak oditè yo
Fondasyon Je Klere mande pou "otorite" yo frennen ensekirite nan peyi a; pou di je Fondasyon an klere tout bon?
Anons
Create your
podcast in
minutes
It is Free